PWOJÈ MAGAZEN VITRIN KATYE (NEIGHBORHOOD STOREFRONTS PROJECT)

Kontèks ak Objektif Pwojè a

Ti biznis detayan yo fè fas a anpil difikilte pou reyisi alontèm. Pwoblèm ki kouran yo genyen ladan yo, yon mank aksè a lajan, yon mank resous pou sipòte biznis, ak yon sektè detayan ki pa sispann ap evolye. Nan Cambridge, mank espas abòdab pou detayan se yon baryè espesyalman enpòtan pou ti antrepriz yo.

Yon inisyativ nan Plan Estratejik li a, Cambridge Redevelopment Authority’s Neighborhood Storefronts Project (Pwojè Magazen Vitrin Katye Otorite Redevlopman Cambridge, CRA) a vize pou sipòte ti biznis ak antreprenè nan founi espas abòdab. Lè yo devlope yon nouvo modèl espas abòdab pou detayan, objektif inisyativ la se:

  • Jwenn epi achte espas ki nan redchose/premye etaj nan Cambridge pou kreye yon rezo espas abòdab pou detayan avèk aksè a sèvis sipò pou biznis

  • Sipòte siksè alontèm ti biznis Cambridge yo, avèk yon fokis sou sila yo BIPOC, fanm, ak gwoup imigran posede epi jere.


Dokiman ki Enpòtan yo


Enfòmasyon Kontak

Pou kesyon sou pwojè Neighborhood Storefronts lan, tanpri kontakte:

Joshua Croom, Planifikatè Pwojè: jcroom@cambridgeredevelopment.org